Kijan pou w kreye yon adrès imel pwofesyonèl ?

Yon adrès imel se youn nan premye eleman moun wè lè w ap kontakte yo pou travay, biznis oswa pwojè. Si imel ou a sanble jwe (tankou tipepe2003@gmail.com), sa ka diminye kredibilite ou. Se poutèt sa li enpòtan pou gen yon imel ki byen prezante, klè, ak pwofesyonèl.
Atik sa a ap montre w kijan pou w chwazi bon fòmil, kreye imel ou, epi mete l sou pye tankou yon pwofesyonèl.

1. Kisa yon imel pwofesyonèl ye ?

Yon imel pwofesyonèl se yon adrès ki gen non w, epi ki senp pou li ak sonje. Pa egzanp : 

  • jean.louis@gmail.com
  • contact@entreprizpam.com

Evite non twò pèsonèl oswa imajinè, twòp chif oswa senbòl, ak mo ki pa gen rapò ak idantite w. Sa ap ede imel ou rete klè, fasil pou sonje, ak pwofesyonèl.

2. Etap pou w kreye yon adrès imel pwofesyonèl sou Gmail

  1. Ale sou gmail.com
  2. Klike sou « Create account »
  3. Antre non ou (Siyati ak non)
  4. Chwazi yon non itilizatè ki senp
  5. Mete yon modpas solid epi verifye kont lan
  6. Mete foto pwofesyonèl (si ou vle)
  7. Ajoute siyati imel la : non, tit, nimewo, lyen pwofesyonèl

3. Kèk konsèy pou fè imel ou parèt pi pwofesyonèl

Lè w’ap itilize yon adrès imel pou travay, pwojè oswa kominikasyon serye, ou bezwen bay yon bon enpresyon. Men kèk konsèy senp ki ka ede w fè diferans lan :

✅ Chwazi yon adrès ki senp epi klè, tankou prenon.nom@gmail.com

✅ Evite chif, senbòl oswa non ki pa bay bon enpresyon

✅ Mete yon siyati otomatik ki gen non w, fonksyon w, ak kontak 

✅ Sèvi ak imel ou sèlman pou kominikasyon pwofesyonèl. Pa melanje li ak aktivite pèsonèl oswa amizman.

✅ Toujou li e revize imèl ou yo anvan ou voye yo. Tcheke langaj ou, òtograf ou, ak fason w mete enfòmasyon yo pou w ka bay yon bon imaj.

Yon adrès imel pwofesyonèl reprezante plis pase yon zouti kominikasyon; li se yon imaj ki montre ou menm kòm yon pwofesyonèl. Kit ou se etidyan, antreprenè oswa travayè, adopte bon pratik sa yo ap fè ou parèt serye e prepare.

📩 Ou poko gen yon imel pwofesyonèl? Se moman pou w kreye pa w! 
Pataje atik sa a pou lòt moun ka benefisye konsèy yo.

4 commentaires sur « Kijan pou w kreye yon adrès imel pwofesyonèl ? »

Répondre à MJT Blog Annuler la réponse.

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer