Kijan pou w konvèti yon konvèsasyon WhatsApp an dokiman ?

Sou WhatsApp, nou fè anpil echanj ki gen anpil valè: enfòmasyon pèsonèl, detay pwofesyonèl, oswa mesaj ou ta renmen kenbe pou memwa oswa kòm prèv. Olye w kite yo efase oswa pèdi, ou ka fasilman konvèti nenpòt konvèsasyon an yon dokiman dijital ou ka sove, pataje oswa enprime.
Atik sa a ap montre w etap pa etap kijan pou w fè sa sou telefòn ou.

I. Poukisa ou ta dwe sove yon konvèsasyon WhatsApp ?

  • Pou kenbe tras yon diskisyon enpòtan.
  • Pou itilize mesaj yo kòm prèv 
  • Pou sove enfòmasyon ou ka bezwen pita
  • Pou achive kominikasyon pèsonèl oswa pwofesyonèl, etc…

II. Etap klè pou ekspòte yon konvèsasyon an dokiman

  1. Louvri konvèsasyon ou vle sove a Chwazi chat la (moun oswa gwoup).
  2. Tape sou non kontak oswa gwoup la anwo ekran an
    W ap antre nan meni konvèsasyon an.
  3. Desann epi tape sou “Export Chat” oswa “Ekspòte chat”
    Sa ap lanse pwosesis ekspòtasyon an.
  4. Chwazi youn nan 2 opsyon yo : 
       • Avèk medya : ou sove mesaj yo ak tout foto/videyo 
       • San medya : ou sove sèlman tèks yo   (pi rapid, pi lejè)
  5. Chwazi kote ou vle voye oswa sove dokiman an :
       • Pa imel 
       • Google Drive 
       • OneDrive 
       • Sove sou memwa  telefòn ou 

W ap resevwa yon fichye .txt ki gen tout konvèsasyon an, ak dat ak lè chak mesaj.

Sove konvèsasyon WhatsApp ou yo se yon bon pratik, kit se pou sekirite, memwa, oswa itilizasyon pwofesyonèl. Pa neglije zouti sa a WhatsApp mete a dispozisyon w. 
Eseye li jodi a epi pataje atik sa a ak moun ou konnen ki ka bezwen l ! 📌

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer