Kijan pou pwoteje done pèsonèl ou sou Entènèt?

Nan yon mond kote Entènèt pran anpil plas nan lavi nou, sekirite dijital vin tounen yon priyorite pou tout moun. Avèk ogmantasyon sibèatak yo, li esansyèl pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ak pwofesyonèl nou yo. Nan gid sa a, n ap defini kisa yon done pèsonèl ye epi bay kèk konsèy pratik pou amelyore sekirite ou sou entènèt chak jou.

Photo de cottonbro studio sur Pexels.com

Kisa yon done pèsonèl ye?

Yon done pèsonèl se tout enfòmasyon ki ka idantifye w dirèkteman oswa endirèkteman. Sa yo ka enkli:
✔ Non ou
✔ Adrès imel ou
✔ Dat nesans ou
✔ Nimewo paspò ou
✔ Nimewo pèmi kondwi ou
✔ Nimewo kat kredi ou
✔ Adrès IP ou
Tout enfòmasyon sa yo ka itilize pou vòl idantite, frod oswa lòt aktivite malonèt. Se poutèt sa, ou dwe pran tout mezi nesesè pou pwoteje yo.

7 Konsèy pou pwoteje done ou sou Entènèt

  1. Itilize modpas fò
    Chwazi modpas ki konbine lèt majiskil ak miniskil, chif ak senbòl. Evite itilize menm modpas la sou plizyè kont.
    ✅ Egzanp modpas sekirize : G@rdi3n_89$!
  2. Evite klike sou lyen sispèk
    Toujou verifye lyen yo avan ou klike sou yo. Yon senp klik sou yon lyen move ka ouvè pòt pou yon pirat vòlè enfòmasyon ou.
  3. Itilize koneksyon sekirize
    Pa konekte ak kont pèsonèl ou sou yon rezo Wi-Fi piblik san sekirite. Si w oblije, itilize yon VPN pou pwoteje done w yo.
  4. Dezaktive opsyon enstale aplikasyon deyò magazen ofisyèl
    Evite telechaje aplikasyon ki soti nan sous enkoni. Ale nan Settings > Security, epi fèmen opsyon « Install unknown apps » .
  5. Fè atansyon ak sit entènèt yo
    Toujou verifye adrès sit web yo. Yon sit sekirize toujou kòmanse pa “https://”. Li bon tou pou tcheke « Mentions Légales » sit la.
  6. Itilize yon aplikasyon antiviris ki fyab
    Yon bon aplikasyon sekirite ka detekte epi retire viris oswa aplikasyon move entansyon.
    ✅ Egzanp aplikasyon sekirite :
    Avast
    Bitdefender
    Kaspersky Mobile Security
  7. Mete telefòn ou ak mizajou
    Toujou mete sistèm telefòn ou ak aplikasyon ou yo ajou. Mizajou sa yo souvan ajoute nouvo mezi sekirite ki pwoteje w kont atak.

Erè pou evite fè sou Entènèt

❌ Pa pataje enfòmasyon pèsonèl ou sou rezo ki pa sekirize
❌ Pa neglije li kondisyon itilizasyon aplikasyon ou telechaje yo
❌ Dezaktive jeolokalizasyon si sa pa nesesè

❌ Pa itilize menm modpas sou tout kont ou yo
❌ Pa otorize nenpòt aplikasyon jwenn aksè ak done pèsonèl ou
❌ Toujou sove done ou regilyèman pou evite pèdi enfòmasyon enpòtan

Pwoteje done pèsonèl ou sou Entènèt se yon nesesite. Ak tout menas dijital ki egziste, adopte bon pratik sekirite ka ede w evite frod, vòl idantite, ak lòt danje sou entènèt. Aplike konsèy ki nan gid sa a epi fè sekirite dijital ou tounen yon abitid chak jou!
Ou gen lòt konsèy ou itilize pou pwoteje done ou sou entènèt? Pataje yo nan kòmantè yo!

7 commentaires sur « Kijan pou pwoteje done pèsonèl ou sou Entènèt? »

Répondre à Bethie Duvin Annuler la réponse.

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer