
A pwopo de Mwen
Mwen se Jimmy Gentilhomme, yon pwofesè nan enfòmatik ak biwo, ak yon pasyon pwofon pou nouvo teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon (NTIC). Mwen renmen li ak ekri, sa ki ede m’ kontinye devlope konesans mwen nan plizyè domèn.
Mwen gen yon fòmasyon inivèsitè nan Syans Agronomik, ki ede m’ gen yon apwòch estriktire pou rezoud pwoblèm ak inove nan domèn mwen yo. Anplis, mwen gen eksperyans nan lojistik ak jesyon estòk, osi byen ke nan jesyon responsab, kote mwen toujou chèche fè travay la byen pandan mwen pran swen resous ki disponib yo.
Kòm yon web designer, mwen renmen kreye sit ki reflete pwofesyonalis pandan y’ap fè travay yo aksesib pou tout moun. Blog sa a se yon espas kote mwen pataje eksperyans mwen, konesans mwen, ak refleksyon mwen sou teknoloji ak lòt domèn ki enterese m’.
Mwen envite w kontinye vizite sit sa a, kote w’ap jwenn kontni ki enteresan ak itil pou devlopman pèsonèl ou ak pwofesyonèl ou.
Byenveni sou mrjimmy.tech.blog!