
Achte yon òdinatè se pa yon ti desizyon. Gen moun ki depanse anpil lajan epi apre kèk mwa yo regrèt sa yo achte a. Ou evite sa, men bagay enpòtan ou dwe konnen avan ou pran desizyon an.
1- Pou kisa w ap itilize li?
Premye kesyon pouw poze tèt ou se: pou kisa m ap bezwen òdinatè a?
- Pou lekòl (Word, PowerPoint, rechèch sou entènèt)?
- Pou grafis oswa montaj videyo?
- Pou pwogramasyon?
- Pou jwèt?
Si se sèlman pou travay biwo ak navigasyon sou entènèt, ou pa bezwen yon machin twò chè. Men si w ap fè montaj videyo oswa grafis, w ap bezwen plis pèfòmans.
2- Tcheke RAM lan (Memwa)
RAM lan detèmine vitès òdinatè a lè w ap fè plizyè bagay ansanm.
- 4GB → Bon pou itilizasyon senp
- 8GB → Pi bon chwa pou pifò moun
- 16GB → Ideyal pou travay pwofesyonèl
Si w kapab, pa desann anba 8GB nan 2026.
3- Gade kalite depo a (SSD oswa HDD)
⚠️Sa enpòtan anpil!⚠️
- HDD → Pi bon mache, men li pi dousman
- SSD → Pi rapid, òdinatè a limen vit, li pa fè bri
Toujou chwazi SSD si w vle yon òdinatè ki pa ralanti apre kèk mwa.
4- Pwosesè a (Intel oswa AMD?)
Pwosesè a se “sèvo” òdinatè a.
- Intel Core i3 / Ryzen 3 → Pou itilizasyon senp
- Intel Core i5 / Ryzen 5 → Bon pou majorite moun
- Intel Core i7 / Ryzen 7 → Pou travay lou
Pa kite yo vann ou yon vye pwosesè twò ansyen san ou pa konnen.
5- Batri a enpòtan anpil
Si kouran pa estab lakay ou, chwazi yon laptop ki gen bon dire batri (omwen 5 a 8 èdtan).
6- Nouvo oswa Itilize?
An Ayiti anpil moun achte laptop “refurbished” (itilize).
✔️ Sa ka bon si li soti nan bon sous.
❌ Men verifye:
- Eta batri
- Si pa gen liy sou ekran
- Si klavye ak pò USB yo mache byen
7- Pa achte sèlman pou “mak” la
Gen moun ki achte paske yo wè Dell, HP oswa Lenovo. Men modèl la pi enpòtan pase non mak la.
Achte yon òdinatè se yon envestisman. Si w pa pran tan w pou tcheke RAM, SSD, pwosesè ak bezwen ou, ou ka pèdi lajan fasil.
Sonje sa pa achte sa ki pi bon mache a… achte sa ki pi adapte ak bezwen ou.
Mèsi ! 😊🙏
J’aimeJ’aime