Kijan pou depoze yon devwa sou Google Classroom

Nan anpil lekòl, yo itilize Google Classroom an fransè. Se poutèt sa bouton yo ak meni yo parèt an fransè. Men kijan pou w depoze devwa w lè entèfas la an fransè.

1. Konekte sou Google Classroom

1. Louvri navigatè w.
2. Ale sou: classroom.google.com
3. Antre ak kont lekòl ou.

👉 Sou telefòn, ou ka itilize aplikasyon Google Classroom.

2. Chwazi Klas la

Klike sou klas la kote pwofesè a bay devwa a.

3. Ale nan “Travaux et devoirs”

Klike sou onglet Travaux et devoirs.

Chèche devwa a (gade dat limit la).

Klike sou tit devwa a pou ouvri li.

4. Ajoute Travay Ou

Lè devwa a louvri:
1. Klike sou Ajouter ou créer.
2. Chwazi:

📄 Importer un fichier (Word, PDF, elatriye)
📷 Téléverser yon foto
📝 Créer un document (Docs, Slides, elatriye)
💡 Verifye si fichye a byen klè epi gen bon non.

5. Klike sou “Rendre”

Apre w fin ajoute fichye a, klike sou « Rendre ».

Konfime lè sistèm nan mande w.

Si w wè mesaj  » Remis « , sa vle di devwa w byen depoze!

Bagay Enpòtan pou Sonje

✔️ Tcheke dat limit la.

✔️ Pa bliye klike « Rendre » (pa sifi jis telechaje fichye a).

✔️ Verifye si fichye a ouvri byen.

✔️ Si sa nesesè, ou ka klike « Annuler la remise » pou modifye devwa a (si pwofesè a pèmèt li)

Kesyon Elèv Yo Poze Souvan

1. Si mwen bliye klike sou  « Rendre »?
➡️ Devwa a pap konsidere kòm depoze.

2. Èske mwen ka modifye devwa apre m fin rann li?
➡️ Wi, si w itilize « Annuler » la remise anvan dat limit la.

3. Si entènèt la koupe?
➡️ Tcheke si mesaj « Remis » parèt pou konfime.

Depoze devwa sou Google Classroom fasil menm lè entèfas la an fransè. Toujou verifye si li make « Remis » pou w asire travay la byen voye.

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer