ChatGPT pap disponib sou WhatsApp ankò apre 15 Janvye 2026 : Men kijan pou w kontinye sèvi avè l

ChatGPT te vin tounen youn nan asistan dijital ki pi itilize atravè WhatsApp pou jwenn repons rapid, sipò edikatif, konsepsyon ide, ak plis ankò. Men, apati 15 Janvye 2026, sèvis sa a pap disponib sou platfòm WhatsApp ankò. Ann wè ansanm kèk rezon ki dèyè chanjman sa a epi fason pou w kontinye sèvi ak ChatGPT san pwoblèm.

Poukisa ChatGPT pap disponib sou WhatsApp ankò ?

ChatGPT sou WhatsApp te disponib gras ak koneksyon ki te fè atravè kèk sèvis endepandan, san entèvansyon dirèk OpenAI. Apati 15 janvye 2026, sèvis sa yo ap sispann pou rezon sekirite, konfòmite ak règleman WhatsApp, epi pou OpenAI ka konsantre sou platfòm ofisyèl li yo. Sa pèmèt pi bon kontwòl sou eksperyans itilizatè yo ak pwoteksyon done yo.

Fason pou w evite pèdi done w yo

Pou evite pèdi enfòmasyon ou te resevwa nan ChatGPT sou WhatsApp, men sa w ka fè :

  • Ekspòte konvèsasyon yo kòm dosye tèks oswa imel.
  • Kopye repons ou bezwen epi kole yo nan Google Docs oswa Word. 
  • Pran kèk screenshot si gen repons ou vle kenbe vit. 
  • Mete fichye oswa imaj yo sou Google Drive pou plis sekirite.

Solisyon pou w kontinye itilize ChatGPT

Malgre chanjman sa a sou WhatsApp, ChatGPT ap toujou disponib atravè lòt mwayen ki pi estab, sekirize, ak ofisyèl. Men opsyon ki pi pratik pou kontinye sèvi ak li :

  • Telechaje aplikasyon ofisyèl ChatGPT sou App Store (IOS) oswa Google Play (Android) .
  • Aksede sèvis ChatGPT dirèkteman nan navigatè ou a atravè sit chat.openai.com, san bezwen enstale okenn aplikasyon.
  • Sèvi ak aplikasyon oswa platfòm ofisyèl ki entegre ChatGPT, rekòmande pa OpenAI, pou yon eksperyans ki an sekirite ak efikas.
  • Evite aplikasyon oswa sèvis ki pa ofisyèl oswa ki pa verifye, paske yo kapab menase sekirite ak konfidansyalite done ou.

ChatGPT pap disponib sou WhatsApp apre 15 janvye 2026, men sèvis la rete fasil pou jwenn atravè lòt mwayen ofisyèl, sekirize, epi serye. Pa ret tann dènye moman, telechaje aplikasyon ChatGPT oswa vizite chat.openai.com pou w kontinye eksperyans ou san entèripsyon.

Pataje atik sa a ak moun ou konnen, pou yo ka rete enfòme epi pare pou chanjman an.

4 commentaires sur « ChatGPT pap disponib sou WhatsApp ankò apre 15 Janvye 2026 : Men kijan pou w kontinye sèvi avè l »

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer