
Nan yon epòk kote teknoloji okipe chak aspè nan lavi nou, telefòn tounen yon zouti endispansab. Nou sèvi avè l pou kominike, travay, aprann, e menm jere lavi pwofesyonèl nou. Men, èske w te konnen ke gen kèk kote ou pa ta dwe mete telefòn ou chaje, paske sa ka mete lavi w an danje oswa domaje aparèy la ? Atik sa a ap mete limyè sou 5 kote ou dwe evite chaje telefòn ou, pou pwoteje sekirite w ak sekirite aparèy ou epi kèk konsèy ki ka ede w chaje zouti sa a byen, an tout sekirite.
1. Sou kabann : risk dife

Chaje telefòn sou kabann se yon abitid komen, espesyalman lannuit. Men se youn nan kote ki pi danjere. Twal dra, zòrye ak kouvèti kenbe chalè, sa ki anpeche telefòn lan refwadi pandan chajman. Sa fè aparèy la vin twò cho, diminye lavi batri a e nan kèk ka ra, li ka menm lakòz dife. Se poutèt sa li enpòtan pou evite chaje telefòn ou sou kabann.
2. Nan douch : danje imidite

Douch ka sanble pratik pou chaje telefòn pandan w’ap prepare w, men se youn nan pi move kote pou fè sa. Vapè cho ak imidite nan sal de beny ka antre andedan telefòn lan, deteryore pati ki fè li fonksyone, epi lakòz li pa mache byen. Konbinezon dlo ak elektrisite toujou pote danje kout sikwi oswa chòk elektrik. Pi bon reflèks la, se evite tout zòn mouye oswa ki gen vapè lè w’ap chaje telefòn ou.
3. Nan machin cho oubyen anba solèy : danje eksplozyon

Lè w chaje telefòn ou nan yon machin ki kanpe anba solèy oswa nan yon espas ki cho ka fè tanperati batri a depase 35°C. Chalè sa a ka fè batri a degrade rapidman, pèdi kapasite li, e menm lakòz li pete oswa pran dife. Pou sekirite ou ak lavi telefòn ou, evite chaje li nan kote ki cho tankou machin fèmen anba solèy oswa dirèkteman anba limyè solèy cho.
4. Sou frijidè oswa fou elektrik : entèferans ak chalè

Mete telefòn ou chaje sou frijidè oswa toupre fou elektrik ka lakoz domaj. Chalè ki soti nan fou a ka afekte batri a, pandan ke vibrasyon oswa frekans elektrik frijidè a ka entèfere ak chajman an. Sa ka fè chaj la pi ralanti, pa konplè, oswa menm bay pwoblèm teknik sou telefòn nan.
5. Nan yon miltipriz ki chaje ak gwo aparèy : danje surchaj elektrik

Chaje telefòn ou sou yon miltipriz kote gen aparèy ki sèvi ak anpil kouran (tankou frijidè, machin lave, mikwo-onn) se yon move abitid. Lè gen twòp aparèy konekte sou menm sous, sa ka lakoz chaj depase. Miltipriz la ka vin chofe, gen kout sikwi, oswa menm pran dife. Telefòn ou ka domaje oswa li pap chaje byen. Pi bon solisyon, se sèvi ak yon priz apa oswa yon miltipriz ki gen sistèm pwoteksyon.
Kèk konsèy pou w byen chaje telefòn ou an sekirite :
✅️ Itilize bon kalite chajè pou evite telefòn ou chofe twò vit.
✅️ Verifye eta kab ak chajè w’ap itilize ; ranplase yo si yo domaje.
✅️ Mete telefòn nan yon yon sifas ki plat ak lib tankou yon tab oswa yon biwo pandan l’ap chaje.
❌️ Pa kite telefòn ou ap chaje pandan tout lannuit, sa ka afekte batri a.
❌️ Pa kite chajè konekte san telefòn, sa ka ogmante konsomasyon kouran oswa chofe.
❌️ Evite konekte plizyè gwo aparèy sou menm miltipriz kote w’ap chaje telefòn ou.
Telefòn se yon zouti enpòtan anpil, men move itilizasyon li ka lakoz gwo danje. Aplike konsèy sa yo pou w pwoteje tèt ou ak fanmi w kont risk e evite aksidan. Chwazi bon materyèl se kle pou yon chajman ki an sekirite.
Pataje atik sa a ak moun ou konnen, pou yo dekouvri ki kote pou yo evite lè y’ap chaje telefòn yo.
E ou menm ? Èske w deja fè fas ak yon sitiyasyon danjere ? Pataje eksperyans ou nan yon kòmantè !