Kijan pou w pwoteje w kont anak an liy ?

MJT Blog pct

Entènèt se yon zouti ki vin enpòtan anpil pi plis chak jou nan mond n’ap viv la. Pandan li se yon sous enpòtan pou nou, li tou yon teren kote sibè atak yo ap fè ravaj. Li enpòtan pou nou pwoteje nou kont anakè an liy yo. Nan gid sa a, n ap defini kisa yon anak an liy ye epi n ap bay kèk konsèy pou ede w pwoteje tèt ou.

Kisa yon anak an liy ye ?

Yon anak an liy se yon metòd fwod ke anakè yo itilize ilegalman pou pran enfòmasyon pèsonèl ou oubyen lajan w. Yo kapab itilize plizyè teknik pou twonpe moun, tankou :

  • Phishing : Mesaj oswa imèl ki sanble ofisyèl men ki gen lyen malveyan.
  • Deepfake : Videyo oswa odyo falsifye pou twonpe moun.
  • Fo sit web : Sit ki sanble ak sit ofisyèl men ki gen objektif pou vòlè enfòmasyon.
  • Fo aplikasyon : Aplikasyon ki parèt lejitim men ki gen move entansyon.

Objektif yo se jwenn aksè nan kont ou, enfòmasyon finansyè, oswa lòt done pèsonèl.

7 Konsèy pou w pwoteje tèt ou

  1. Modifye e jere modpas ou byen
    • Evite itilize menm modpas la pou plizyè kont.
    • Chwazi modpas ki konplèks (ki gen lèt majiskil, miniskil, nimewo, ak senbòl).
    • Itilize yon jesyonè modpas (password manager) pou anrejistre ak jere modpas ou yo.
  2. Fè doub verifikasyon sit URL yo ak sit wèb yo
    • Anakè yo souvan itilize fo sit wèb ki sanble ak sit ofisyèl yo.
    • Verifye si URL la kòrèk epi si sit la gen yon sètifika sekirite (HTTPS).
    • Pa klike sou lyen ki parèt sispèk nan imèl oswa mesaj.
  3. Verifye idantite moun ou kominike ak yo an liy
    • Yon moun ka fasilman manti sou idantite li sou entènèt.
    • Chèche enfòmasyon sou moun nan sou plizyè platfòm pou verifye si li lejitim.
    • Pa janm bay enfòmasyon pèsonèl bay moun ou pa konnen byen.
  4. Pwoteje done pèsonèl ou
  5. Mete lojisyèl ou a jou
    • Mizajou lojisyèl ak aplikasyon ou yo regilyèman pou korije fay sekirite yo.
    • Aktive mizajou otomatik pou asire w ke ou toujou gen dènye vèsyon lojisyèl ou yo.
  6. Gade kalm lè ou sou rezo yo
    • Anakè yo souvan itilize taktik pou fè moun panike, tankou menas oswa òf ki twò bèl pou verite.
    • Si w resevwa yon mesaj sispèk, pran tan pou verifye li avèk yon ekspè an sibèsekirite.
  7. Itilize yon antiviris konplè
    • Enstale yon bon antiviris sou aparèy ou yo.
    • Fè analiz regilye pou detekte nenpòt pwoblèm posib.
    • Pa janm dezaktive antiviris ou pou telechaje yon fichye sispèk.
Photo de Nicola Barts sur Pexels.com

Erè Nou Dwe Evite Fè

  • Pa fè acha sou sit ki pa fyab
    Si yon sit parèt twò bon pou verite, li ka yon twonpe.
  • Pa klike sou lyen k’ap fè òf oswa mande w envesti
    Anakè yo souvan itilize òf atiran pou twonpe moun.
  • Pa reponn mesaj oswa imèl sispèk
    Si w pa konnen moun ki voye mesaj la, pi bon se pa reponn.
  • Limite pataj enfòmasyon pèsonèl ou
    Pa pataje plis enfòmasyon pase sa ki nesesè sou rezo sosyal oswa lòt platfòm.

Pwoteje tèt ou kont anak an liy se yon sijè enpòtan anpil. Aplike konsèy sa yo ap ede w diminye risk pou tonbe nan pyèj anakè yo. Si w deja sibi yon anak an liy, pataje eksperyans ou nan seksyon kòmantè yo pou ede lòt moun aprann epi pwoteje tèt yo pi byen.

Èske w deja sibi yon anak an liy ?
Pataje eksperyans ou avèk nou pou nou ka aprann ansanm epi vin pi pridan sou entènèt.

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer